Banm Raple nou FRÈM YO paske BAGAY YO TELMAN FÈT RAPID YOUN MONTE SOU LÒT NOU KA FÈ TI BLIYE .. nou soti nan VIKTIM KIDNAPPING YO ap POSTE FOTO .. al sou MAITRE DORVAL .. pase pa EVELYNE .. retounen sou SWAT yo .. vire sou GÈ MATISAN .. pase sou MASAK DELMA .. TONBE SOU LANMÒ JOUNALIS YO .. Rive sou ENFIMYÈ A NAN ANBILANS LAN .. kounya nou sou LANMÒ Kiyes LE PRÉSIDENT DE LA RÉPUBLIQUE , KI DONK Laaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaa SEZISMAN PA TWÒP ? Koman nou ye nou PA FISTRE ? .. kounya kisaw dim fè la toujou monte sou REZO a di R.I.P FÈ POST pou nou fè KOMANTÈ ? .. nOu pa FATIGE DOMI LEVE CHAK JOU PRAN TELEFON NOU LIMEN’L MONTE SOU REZO YO TONBE SOU ON KRIM , FÈ JOUNNEN AP KOMANTE , AP EKRI R.I.P AP RI BAY BLAG ? .. PANDAN NAP TANN ON LÒT ? .. AHHH MEZANMI , Mwen M GEN ON KÈ AK ON KONSYANS SE MOUN MWEN YE , MFATIGEEEEEEEEEEEEEEEEEEEEEEEE ….. m pa POSTE paskem WÈ TWÒP , M FATIGE , M SEZI , M DEGOUTE , M FATIGE DI R.I.P M FOUT FATIGE fè TENTEN … M pa pral kite MECHANSTE LES HOMMES ANPECHEM APRESYE LAVI , sa fè LONTAN M DESIDE RI , BAY BLAG , PASE JOUNNEN’M AK KÈ KONTAN , VIV NAN LANMOU , MACHE , KOURI , DANSE , PASE MEN NAN KOU PWOCHENM DIL FREM M RENMENW POUL SOT NAN KÈM SAN IPOKRIZI … donk m fè CHWA SILANS depil pa gen RAPÒ A MIZIK … paskem REYALIZE kem paka CHANJE ANYEN ….. < CHANJMAN DEPANN DE KONSYANS CHAK MOUN ….. > sèl Sam ka fè se FÈ EFÒ POUM FÈ CHANJMAN AK TÈT MWEN , E APRESYE CHANS AK GRAS BONDYE FÈM NAN KI SE VIV , FÈ MIZIK Pase MESAJ petèt ma KONSYANTIZE On pati NAN NOU ❤️🐜🇨🇳 … kom m pa gen kontak dirèk poum swete fanmi PREZIDAN SENSÈ KONDOLEYANS mwen m oblije fèl la .. R.I.P MON PRÉSIDENT ke NANM ou REPOZE AN PÈ 🕊 🇭🇹
July 10, 2021
Disclaimer
The data provides is not authorized by TikTok. We are not an official partner of TikTok.
Use of materials from the resource is permitted only with a link to our resource.
Contact